Gwoup mizikal ayisyen Ekip vle rekonekte rapidman ak piblik fidèl li. Dezan apre, fanatik yo pral gen yon dezyèm albòm. 8 janvye 2024 se dat yo chwazi pou sòti nouvo pwojè sa a.
Gwoup Ekip gen ladan l trio prensipal Steeve Khé, D-Perfect, Shabba, ak anpil mizisyen ki gen eksperyans ak jèn atis ki pwomèt. Rasanbleman sa a bay nesans 31 jiyè 2020 a gwoup Ekip. An 2021, gwoup la te nonmen “Revelasyon ane a” pou «Chire Filè a» dapre palmarès kanaval Ticket Magazine. Menm ane a, gwoup Ekip resevwa twofe “Newbie of the year” dapre chwa Kompa Magazine.
Premye albòm gwoup la yo rele «Back in the Game» te lanse 14 septanm 2021. Se Universal Music France ki te asire distribisyon albòm nan atravè lemonn. Ann raple, albòm «Back in the Game» – ki gen 15 mòso – te kaptive atansyon melomàn yo ak tit moun pa ka bliye tankou “Nou Kit”, “Ze Fele”, “Bingo”.
Nan twa an egzistans, gwoup Ekip rive asire prezans li sou sèn atravè tout afich gwo festival ak sware yo te envite gwoup la an Ayiti ak aletranje. Tounen yo rele «Meli Melo» an 2022 la te asire gwoup la yon tou nan diferan peyi dapre yon kalandriye byen chaje pandan kat mwa. An me 2022, pandan Haitian Compas Festival, gwoup Ekip ak Darline Desca te nan tèt lis pèfòmans premye jou festival la.
Single « Ou blom » ki soti 24 mas 2023 rekòlte yon milyon vi sou YouTube nan sèlman kat jou. Premye nòt yo tande nan «Makiye Mizè’w» ak lòt tit kite wè yon trè bon aranjman mizikal ak plis matirite vokal.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




