Chak ane depi 1967, òganizasyon ameriken defans dwa sivil la, National Association for the Advancement of Colored People (NAACP), rekonpanse atravè «NAACP Image Awards» pi bon zèv ki pwomouvwa Afwo-Ameriken. 55yèm edisyon pri prestijye sa a ap fèt 16 mas 2024 sou chèn televizyon BET ak CBS apati 8è nan aswè.
Garcelle Beauvais se yon aktris e mannken, ki fèt 26 novanm 1966 Sen Mak, Ayiti. Zetwal Hollywood ki gen orijin ayisyen an te parèt nan seri televize « Survival of the Thickest » (La Loi de la plus forte) ki soti 13 jiyè 2023 e ki difize sou Netflix.
Seri « Survival of the Thickest » li menm te nominen nan kategori «Best International Comedy» (Pi bon komedi entènasyonal) “ I Talk Telly Awards” an 2023. Seri a mete an vedèt Michelle Buteau, ki se otè liv Survival of the Thickest tou, ki fèt de yon papa ayisyen ki gen orijin libanè ak yon manman jamayiken ki gen orijin franse, nan wòl Mavis Beaumont, yon fanm nwa, gwo kò e ki fèk selibatè. Mavis dwe rebati tèt li jodi a e fleri kòm estilis.
Nan seri « Survival of the Thickest », Garcelle Beauvais jwe yon ansyen mannken ane 90 yo, yo rele Natasha Karina, ki toujou kole fò ak imaj rafine apoje karyè l. Ak evolisyon mond mòd la, ensistans Natasha pou l kenbe look anblematik li, elegan e mens, sitou atachman l ak yon kòsè restriktif alansyèn, vin tounen yon pwen santral nan istwa a.
Lè Mavis Beaumont jwenn okazyon an lò pou l rankontre fòmidab Natasha Karina, li plonje tèt premye nan wayòm wòt kouti a ki alafwa klere e entimidan. Youn nan defi Mavis se konvenk Natasha pou l aksepte chanjman e abandone kòsè li renmen anpil la.
Garcelle Beauvais nominen pou NAACP Image Awards 2024 yo nan kategori «Outstanding Guest Performance» (Pi bon envite nan yon seri) ak «Outstanding Comedy Series» (Pi bon seri komik) pou patisipasyon l nan « Survival of the Thickest ». Anplis, Garcelle gen yon twazyèm nominasyon nan kategori «Outstanding Television Movie, Limited-Series or Dramatic Special» (Pi bon telefim) pou patisipasyon l nan fim «Black Girl Missing» – ki soti 4 mas 2023 e Lifetime difize – pou wòl li kòm Cheryl, pitit fi l, Lauren (Taylor Mosby), disparèt. Yon pati nan pri a mande vòt piblik la atravè lyen sa a https://vote.naacpimageawards.net/
Ann raple, Garcelle Beauvais deja genyen prestijye pri Astra TV Awards 2024 nan kategori «Best Broadcast Network cable TV movie» (Pi bon rezo difizyon oswa fim televizyon pa kab) pou wòl li nan « Black Girl Missing ».
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





