Chantèz Deborah Henristal fèk pibliye yon son ak videyo, “Se mwen k pou di w”, 10 mas 2024 pou rann piblik emosyon l santi sou kondisyon lavi aktyèl peyi a. Se yon rèl endiyasyon zetwal mizik ayisyen an lanse.
Vwa “Quel est cet amour” la pa kache emosyon l. Pou devwale l, li sèvi ak dous vwa l. Nan yon videyo anviwon twa minit, an nwa e blan, li fè pòtrè ensekirite ki plen sosyete ayisyen an.
Lè w tande l chante, ou ka remake l ap fè pòtrè yon sosyete ki manje rèv, kote ensètitid genyen. Finalis The Voice Dominicana 2022 la di li satire ak tris reyalite sa a. Li pa kapab ankò. Sitiyasyon an fè l santi raj.
“Se mwen k pou di w” vin agrandi repètwa chantèz evanjelik la e, pou premye fwa, nan karyè l ki kòmanse ofisyèlman an 2018 ak sòti “Quel est cet amour”, vwa sa a abòde yon pan nan sitiyasyon peyi a.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yo




