
Talantye chantè e konpozitè ayisyen AndyBeatZ anonse pwochen albòm li, 15 avril 2024, sou kont X li. Pandan anons sa a, atis la pwofite fè lwanj mòso “Makila : Wablé” li deja anrejistre yon cover.
Fèt 8 septanm 1999 Petyonvil, Mike Andy Cajuste yo rele AndyBeatZ se yon chantè, konpozitè e beat maker. Li pase anfans li nan vil Sen Mak. AndyBeatZ lanse karyè solo l an 2018. Moun te remake l byen vit gras ak siksè remix “ Bella Tchaw ” la ki konfime talan li. Depi lè sa a, AndyBeatZ ap taye yon bon plas pami atis rabòday konfime yo e siksè ap swiv siksè. Li byen konnen nan milye rabòday la pou eslogan li: “AndyBeatZ pete chawaaaa !!!”
Entèprèt “ Sa w gen nan dwèt ” la pwouve talan eksepsyonèl li ak repriz “Makila : Wablé”. Vèsyon orijinal “Makila : Wablé” a sou albòm ansanm Dadju ak Tayc yo rele «Heritage» ki soti 20 fevriye 2024. Premye pawòl chante a ki chante an lingala, lang yo pale nan Repiblik Demokratik Kongo, asosye ak ritm konpa yo ofri yon mizikalite nou poko janm tande. Pou okazyon an, AndyBeatZ anonse ofisyèlman sòti premye albòm li atravè kont X li (ansyen Twitter) apre li fin eksprime jan li apresye vèsyon orijinal chante “Makila : Wablé” a.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 19 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





