
Jounalis Deslande Aristilde ka prezante tèt li kounye a anba chapo powèt. Vandredi 26 avril 2024 sa a, otè a anonse piblikasyon premye rekèy powèm li ki gen pou tit: “Haïti : Mes cris dans mon silence”, atravè Google Meet.
Dapre otè a, tèks la se yon entwodiksyon nan yon deba sou kesyon egzistansyèl. «Se yon zèv powetik ki gen ladan l yon entwodiksyon sou kesyon egzistansyèl ki lye ak Ayiti ak pèp ayisyen an», li reponn redaksyon Célébrité Magazine.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
« Haïti : Mes cris dans mon silence » se yon koleksyon powèm ki chèche kaptire sans konplèks e pwofon eksperyans ayisyen an. Liv sa a se yon envitasyon pou plonje nan fon nanm yon peyi ak yon pèp ki, malgre touman ak defi ki pa janm fini, toujou jwenn fòs pou l eksprime l, pou l reve, e pou l renmen», powèt la kontinye nan entwodiksyon rekèy la.
Se ekriven, powèt e dramatij Jean Emmanuel Jacquet ki ekri prefas tèks sa a. Li mansyone nan prefas la: « Deslande Aristilde fonse dwat sou bi a, dwat sou sa ki bèl, nan sa li rele vrè rezonans plim yon nonm ensètitid lavi chak jou ak lanmò ki toujou a yon segonn de li ravaje. Se pa powèm nan liy teyorik oswa estetik jan an. Mo powèt la se pito yon souf ki tradui mank yon nonm ki kanpe nan mitan chabon dife vil li a ki devaste».
Tèks sa a pibliye an otoedisyon. Vèsyon nimerik la disponib pou telechaje gratis sou aplikasyon Dropbox.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 13 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





