
27 avril 2024, nan Teyat Maisonneuve Place des Arts, nan Kanada, seremoni 8yèm edisyon Gala Dynastie a te fèt. Tiktokèz ayisyèn Emilie Lafortune, ki te nominen nan kategori “kreyatè web ane a”, genyen Pri Piblik la, li devanse konkiran l yo byen lwen.
Se Tiktokèz Emilie Lafortune. Nan final pou kategori “Kreyatè web ane a”, li resevwa pri “Chwa Piblik la” ak plis pase mwatye tout vòt pou finalis Soirées et Médias yo. Li pa t kache emosyon l e li montre li rekonesan, se sa nou ka wè atravè yon foto li pataje sou rezo l yo ansanm ak Pierre Corneille.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
“[…] Jodi a mwen genyen bò kote gran Corneille OMG, i can’t believe it. Mwen vle remèsye fiyanse m ki se sipòtè #1 mwen. Fanmi m, nou menm bèl kominote m nan ki sipòte m san kondisyon ak gala Dynastie ki pèmèt mwen kontinye bati dinasti m”, li ekri anba foto a.
Sou tèm “Bati dinasti w”, uityèm edisyon Gala Dynastie a onore yon bann pèsonalite nan kominote nwa a. Nan diferan seremoni yo, plis pase yon dizèn moun ki resevwa pri te mete an valè. Se yon fason pou selebre ekselans “nwa” ki baze nan Kanada.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 18 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





