
Liv yo dwe toujou louvri, si n kwè lojik òganizasyon « Amis des Livres ». Pwojè sa a ensiste pou pratik lekti a pa mouri. Moun ki dèyè l yo sèvi ak rezo yo pou rann liv yo aksesib pou gran piblik la.
Okòmansman, « Amis des Livres » te konsiste nan pwomouvwa lekti, sitou bò kote jèn ak timoun, paske yo konnen edikasyon se baz yon sosyete e lekti jwe yon wòl prensipal ladan l. Apre sa, yo lanse atelye lekti ak timoun e yo kolabore ak lòt gwoup ki te gen menm objektif.
Lansman pwojè «Amis des livres»
Depi lansman an 2018, Billy t ap fè don liv nan kad pwojè «Amis des livres». Apre sa, an 2019, yo kreye paj yo sou rezo sosyal yo e yo kolabore ak lòt antite kiltirèl tankou Ajans pwotokòl ak pwomosyon atistik (APPART), Gestes d’espoir, Konbit Bibliyotèk Site Solèy. An 2020, «Amis des livres» òganize an patenarya ak NABU, “yon bibliyotèk elektwonik ayisyen”, yon konkou lekti sou tèm «Li pou w chape».
Nan kòmansman l, «Amis des livres» te fè sèlman pwomosyon lekti pandan l t ap òganize aktivite poukont li oswa an kolaborasyon. Men, jodi a, yo fè plis pase sa. «Amis des livres» kounye a ap fè pwomosyon aktivite literè ak edikatif. Ekip «Amis des livres» la gen ladan l komite prensipal la, ekip redaksyon an ak yon grafis. Objektif yo se pou yo la pou mond literè ak edikatif la.
Bibliyotèk ideyal Billy Phrison Vilmond
Bibliyotèk ideyal Vilmond gen ladan l sitou woman istorik, woman epistolè, thriller otè ayisyen, liv ki gen rapò ak kominikasyon ak sikoloji. Devlopman pèsonèl ak klasik yo. Remake, pou li, lekti se yon sous plezi, yon mwayen pou vwayaje, kidonk, bibliyotèk la dwe gen koulè e divèsifye selon imè ak moman an.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt
Malgre polemik la, Thélyson Orélien toujou nan kous pou Renaudot ak « C’était ça ou mourir »
8 okt





