
Festival Haïti-monde ap vini talè. Òganizatè yo devwale, jedi 2 me 2024, pwogram konplè 3yèm edisyon an ki pral fèt sou tè franse. Patisipan yo pral gen jounen ki chaje ak aktivite.
Festival sa a pral òganize soti 23 rive 26 me 2024 an Frans nan diferan kote tankou 360 Paris Music Factory, Le Quartier Libre, l’écho musée, libreri Le Pied à Terre ak La Régulière, ansanm ak bibliyotèk Goutte d’Or, sou tèm “lagè ak literati: kisa mo yo ka fè”.
Antre nan chanèl WhatsApp nou an, Klike sou lyen sa a ➡️ https://bit.ly/3MOKF3G
Pwogram Festival Haïti-monde lan prezante konsa: koze literè, espektak, dekouvèt mizikal ak kilinè, atelye ekriti nan lekòl yo, tab ewon tematik, konferans, rankont otè ak piblik la, swivi pa vant-siyati.
Envite twazyèm edisyon festival la se ekriven ayisyen Gary Victor. Li fè pati ekriven moun li plis nan literati ayisyen kontanporen an. Natif Kafou-Fèy la pral fè yon masterclass ak etidyan Sòbòn yo sou de nouvo liv li yo: Le violon d’Adrien ak Les pages blanches de la détresse.
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 14 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





