
Aktris ameriken Meryl Streep pral resevwa, 14 me 2024, yon lòt distenksyon nan karyè l. Nan 77yèm edisyon Festival Kann nan, yo pral ba li yon Palme d’or donè pou rann omaj a bèl karyè li.
Meryl Streep, ki te genyen Pri entèpretasyon fanm Festival Kann nan sa gen 35 an, te resevwa rekonpans lan pou wòl Lindy Chamberlain nan « Un cri dans la nuit » (A Cry in the Dark) Fred Schepisi an 1989.
77yèm edisyon Festival Kann nan pral fèt soti 14 rive 25 me 2024 nan Palè festival yo, nan Kann. Pou okazyon an, aktris franse Camille Cottin pral mèt seremoni ouvèti ak seremoni fèmti yo.
Se dirijan Festival Kann yo ki bay Palme d’honneur nan. Pri sa a bay andeyò konpetisyon e se yon moun yo bay li, se pa yon fim. Rive 8 me 2024, yon douzèn pèsonalite te deja resevwa yon distenksyon konsa.
Bò kote Meryl Streep, sineyas ameriken George Lucas pral resevwa yon Palme d’honneur pou tout karyè li. Festival la pral bay Studio Ghibli yon Palme d’honneur tou pou tout kreyasyon l yo ak enfliyans li sou mond animasyon an, sa ki fè l tounen premye Palme d’honneur yo bay yon kolektif.
Meryl Streep gen 3 Oscar, ladan yo 2 pou tit pi bon aktris. Li te genyen premye Oscar li pou «Le Choix de Sophie» an 1983 e an 2012 li resevwa Oscar pi bon aktris la pou dezyèm fwa pou wòl li nan «La Dame de fer». An 1980, Meryl Streep genyen Oscar pi bon aktris nan yon dezyèm wòl pou wòl li nan «Kramer contre Kramer» e li rafle yon Golden Globe nan menm kategori a tou. Meryl gen 33 nominasyon pou Golden Globes, sa ki fè l kenbe rekò pi gwo kantite nominasyon.
Aktris ameriken Meryl Streep, ki gen 74 an, fè pati pi bon aktris jenerasyon li. Se entèprèt ki gen plis nominasyon nan istwa Oscar yo, gason kou fanm, ak 21 seleksyon, ladan yo 17 pou tit « Pi bon aktris ».
Sous: Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 14 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





