Mèkredi 18 novanm 2026

Kilti

Emilie Lafortune pibliye “Le goût des Caraïbes”

Pa Hebdo24

· 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English ak Français

Femme en robe rose tenant un livre de cuisine intitulé Le goût des Caraïbes

Emilie Lafortune ap pwoche pi plis toujou bò kote moun e l ap pataje resèt li yo avèk yo. 12 me 2024 sa a, pasyone kizin nan prezante tou nouvo liv resèt li a atravè yon videyo sou rezo sosyal yo. “Le goût des Caraïbes”, se tit liv sa a kote li devwale sekrè talan li.

“[…] Lè m te manyen liv mwen an pou premye fwa, mwen te vrèman santi se tankou m t ap manyen bebe m […]”, li eksprime ak yon kè kontan tout moun ka wè. Liv kizin nan se yon gwo pa pou li, eksitasyon li lè l wè liv la montre sa.

Patwòn antrepriz “Le goût de ça” a fè konnen pwodui a deja disponib pou moun ki nan Kebèk, Monreyal, Kanada, nan famasi, nan WALMART, COSTRO. Pou dyaspora a, se yon lòt bagay pou yo jwenn li.

Anfèt, dapre enfòmasyon moun ki sot rafle yon pri nan dènye edisyon Gala Dynastie a bay, dyaspora a dwe pran pasyans jis nan fen mwa sa a. L ap pare 23 me k ap vini an sou sit entènèt “legoutdeca.com”. Li fè konnen y ap siyen san premye kòmand yo.

Pasyone kizin, Emilie Lafortune rive fè wout li sou rezo yo pandan l ap pataje kreyativite l nan atizay kilinè. Li se antreprenè e kounye a, li se ekriven tou. Se pa poukont li li fè wout sa a. Se poutèt sa li pran swen remèsye tout moun pou gwo sipò yo. Soti nan fiyanse l li konsidere kòm nimewo 1, pase pa fanmi l, li fini pawòl li ak anpil lanmou pou piblik li, toujou nan videyo li te poste pou anonse nouvèl la.

Sous: Célébrité Magazine

Pataje

Hebdo24

Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here