
Atlèt ayisyen Joseph Woustong ap fè moun pale de talan li sou tè kanadyen. Nan okazyon fèt drapo ayisyen an, 18 me 2024, atlèt la ranpòte de meday lò nan kad konpetisyon bodybuilding CPA a.
Nan Sant Kongrè Kebèk, Joseph Woustong resevwa meday pou Kategori Open ak Class Master 35 an e plis apre pèfòmans li sou sèn EXPO a. Yo ba li de meday lò nan gwo konpetisyon bodybuilding sa a, yon nouvèl ki fè kominote ayisyen an kontan.
Pou ane 2024, se Pure Muscle et Fitness ki te okipe ekspozisyon an. Yo te prezante anviwon yon swasantèn kyòs ekipman espòtif, rad ak pwodui nitrisyonèl. Yon seri sis espò te fèt sou sèn prensipal ekspozisyon an. Se konkou FITLOG CLASSIC BODYBUILDING CPA a.
Anba lojistik Canadian Physique Alliance (CPA), katriyèm edisyon konkou sa a te rasanble sis espò diferan. Nou ka site: Powerlifting, Strongman, Armwrestling, Calisthenics, Crossfit ak Bodybuilding. Pou ane 2024, yon Ayisyen ranmase de meday nan pwovens Kebèk, Kanada. Se atlèt Joseph Woustong, ki se pwofesè tou nan Campus Henri Christophe Limonade (CHCL).
Sous : Célébrité Magazine
Hebdo24 est un journal en ligne qui fait de la permanence mais aussi la rigueur dans le traitement de l’information son cheval de bataille.
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





