
Sou inisyativ Mouvman Literè, Kiltirèl ak Atistik Jèn (MOLIJAC), 10yèm edisyon tradisyonèl fwa liv la pral fèt soti 24 rive 26 me 2024. De liv ki pral alonè pou Maraton sa a se: «Wondon-Mo» Samuel Clermont ak «Sakad» Gary Victor.
Ti biyografi envite donè yo
Samuel Clermont se yon jèn dramatij ak powèt ti gwavyen. An 2018, pitit Ti Gwav la lanse nan pwezi ak piblikasyon tèks li «Vavari» lakay edisyon Floraison. Dezan apre, li pibliye «Wondon-Mo».
Fèt 9 jiyè 1958 Pòtoprens, Gary Victor se yon ekriven jenès ayisyen an adore. Li rete ekriven ki pi pwolifik nan jenerasyon l lan ak womansye ayisyen moun li plis nan peyi l. Gary Victor te resevwa Pri Rayonnement lang ak literati fransè Akademi fransèz la an 2018.
Sou wout 10yèm edisyon Maraton Liv la
Pwogramasyon edisyon sa a pral rich anpil ak, pami lòt, yon konkou pwezi pou elèv segondè rejyon gwavyèn nan, yon konferans sou tèm « Maraton liv pou pwomosyon patrimwàn nou, dwa moun, lapè ak anviwònman».
Nan kad 10yèm edisyon Maraton liv la, Samuel Clermont pral siyen rekèy powèm li «Wondon-Mo» anba lojistik Éditions Floraison e Gary Victor pral siyen premye woman kreyòl li «SAKAD», ki parèt lakay C3 Éditions, de liv ki alonè ane sa a.
Anplis, Ar Guens Jean Mary pral siyen rekèy li «Wòch se premye pwen m voye deja». Romy Jean-François ap jwenn li, l ap siyen «Nan Lakou zonbi veste». Rekèy kolektif « Écrits pour dire la ville » kèk otè jakmelyen pral an siyati tou gras ak sipò Alliance française Jakmèl.
Ann raple maraton liv la te fèt nan objektif pou ranmase liv pou monte yon bibliyotèk nan Ti Gwav. Yon nouvo edisyon ak twa jounen aktivite pou selebre yon deseni echanj ant otè ak lektè, pou favorize aksè jèn yo a lekti epi fè kilti ayisyen an dire.
Sous : Célébrité Magazine
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 12 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





