
Apre premye liv li “CASH”, jèn antreprenè ayisyen Marc Stevenson Nepuis pibliye dezyèm liv li ki rele “Millionnaire de la masse”. 28 jiyè 2024, restoran Aïoli pral vibre sou ritm literati ak mizik pou vant-siyati nouvo liv sa a, soti 2 è rive 6 è nan apremidi. Se son ki chame DJ Kemissa ki pral anime gwo selebrasyon sa a.
“Millionnaire de la masse” se yon liv ki mete aklè talan ak konpetans popilè ann Ayiti. Li souliye enpòtans yon chanjman ekonomik ak yon pran konsyans kolektif. Anplis, liv la pwopoze solisyon konkrè pou soti nan majinalizasyon, ni sou plan mantal ni sou plan materyèl, epi li dekonstwi fo kwayans ki anpeche klas mwayèn ayisyen an monte.
Nan sans sa a, “Millionnaire de la masse” Marc Stevenson Nepuis la ka gen yon gwo enpak ann Ayiti. Lè l montre siksè ak konpetans moun nan milye popilè, liv la ka enspire yon nouvo jenerasyon pou defye nòm ki etabli yo epi wè antreprenarya tankou yon chemen solid pou rive nan siksè.
An jeneral, zèv sa a ka ankouraje yon dyalòg nasyonal sou opòtinite ekonomik ak sosyal, pandan l ankouraje yon refleksyon kolektif sou mwayen pou simonte defi ki pèsiste yo epi bati yon avni pi pwospè pou tout moun ann Ayiti.
Premye vant-siyati liv la pral fèt nan restoran Aïoli, nan yon anbyans konvivyal e fèt. Vreman vre, DJ Kemissa pral sou platin yo pou asire yon animasyon mizikal ki ka kaptive envite yo epi fè evènman an rete nan memwa yo plis toujou. Otè a ap tann anpil moun 28 jiyè 2024 nan restoran Aïoli pou selebre sòti liv sa a ki ka transfòme pèspektiv ekonomik ak sosyal tout yon nasyon.
Konsènan otè a
Fèt 18 oktòb 1996, Marc Stevenson Nepuis se yon antreprenè nan nanm li. Depi li te piti, li toujou chèche konprann epi maksimize enpak sosyal aktivite antreprenarya anvan l konsantre sou pwofi. Apwòch vizyonè sa a mennen l fonde CASH MEDIA, yon medya ki konsantre sou biznis, ki mete aksan sitou sou jèn ak pèsonalite ayisyen ki demake yo pozitivman nan sosyete a ansanm ak sou edikasyon finansye.
Lavi Marc Stevenson Nepuis make pa defi ak chwa difisil. Apre l fin etid segondè l an 2016, li te nan yon dilèm ant pwòp aspirasyon l ak aspirasyon paran l, ki te reve wè l vin enjenyè oswa avoka. Pou l respekte volonte yo, li antre nan inivèsite UNITECH pou etidye jeni sivil. Sepandan, twa ane apre, difikilte finansye oblije l kite inivèsite a.
Malgre obstak sa yo, Marc Stevenson pa janm abandone. Li te lanse plizyè inisyativ pou l satisfè bezwen l, li menm rive vann bijou ak sandal nan mache an fè anba lavil Pòtoprens. Eksperyans sa yo fòme l epi prepare l pou l vin antreprenè rezilyan e devwe li ye jodi a. Pakou enspiran l ak detèminasyon l pèmèt li travay ak anpil gwo mak kòm pwofesyonèl maketing.
Ak dènye liv li a, Marc Stevenson Nepuis kontinye travay li pou dekonstwi mantalite epi pouse kreyasyon richès nan milye popilè yo. Lè l favorize yon pi laj aksè a edikasyon finansye, li vle jwe yon wòl kle nan otonomi ekonomik Ayisyen yo, lè l ba yo konesans ki nesesè pou amelyore kondisyon lavi yo epi kontribye nan devlopman ekonomik lokal.
Li tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
sa gen 13 èdtan
Miss Inivè: Tatenda Rameau atire tout je yo nan premye aktivite 75yèm edisyon an
13 nov
« Marie Madeleine » Gessica Généus genyen Hugo an lò nan Festival Chicago
24 okt
Sinema: De sineyas ayisyen resevwa distenksyon nan FIFAC, nan Giyàn
16 okt





