Enkizyon manm gang « Gran grif » la, jedi 3 oktòb 2024, nan Pon Sonde fè omwen 54 mò ak plizyè blese. Pou chape anba vyolans ame san limit sa a, abitan lokalite sa a oblije kouri, yo abandone kay yo. Yon fwa ankò, bandi yo pile anba pye yo otorite Rameau Normil ak Garry Conille, ki ap pwomèt pou granmesi pou l pran kontwòl peyi a « kay pa kay », « katye pa katye ».
Gang k ap opere nan Savyen nan komin Ti Rivyè Latibonit lan komèt masak kriyèl sa a nan yon kontèks kote ofisye kenyan yo ann Ayiti nan kad Misyon miltinasyonal sipò pou sekirite a. Men, malgre tout bagay, gang ame yo ap vin pi fò chak jou.
Pandan sa a, Polis nasyonal d Ayiti, Primati a ak Ministè Jistis la kontante yo pibliye nòt pou deplore masak la, pandan y ap anonse mezi ki, kanmenm, p ap gen okenn efè.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





