
Bandi kowalisyon « Viv Ansanm » nan ap double mechanste yo epi simen laterè nan kèk zòn nan kapital la (Pòtoprens) depi jedi 12 desanm 2024 nan aswè, jiska vandredi maten sa a.
Sou Avni Poupelard, nan Nazon, nan Kris Wa ak nan Ba Delma, yo tande tire zam otomatik, yo konstate gwo nyaj lafimen… Kèk enfòmasyon pale de kay ki boule ladan yo yon lekòl nasyonal; abitan katye sa yo nan dènye retranchman malgre prezans Polis Nasyonal d Ayiti vizib sou kèk fwon.
Pandan sa a, gouvènman an ap miltipliye pwomès sekirite, li anonse mezi akonpayman pou polisye yo, tankou double alokasyon yo. Pandan y ap tann pwomès sa yo respekte, bandi yo ap fè popilasyon ki lage pou kont li a pase mizè.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





