
Kounye a se ofisyèl! Se Ralph Youri Chevry ki prezidan Konsèy Egzekitif Entèrimè Pòtoprens lan, li pran fonksyon l 24 desanm 2024 sa a. Annik li enstale, ansyen majistra kapital la ki okipe pòs sa a ankò fikse prensipal priyorite l yo.
Sou kesyon sekirite, nouvo majistra a pwopoze kreye yon Konsèy sekirite kominal an kolaborasyon ak Polis Nasyonal d Ayiti pou retabli lapè ak estabilite. Anplis, li gen entansyon atake kriz imanitè a lè l mobilize resous pou sipòte fanmi deplase yo.
Pandan Pòtoprens anba fatra, Ralph Youri Chevry fè pwomès nan sans salubrite. Vre, prezidan Konsèy Egzekitif Entèrimè a vize ranfòse jesyon fatra pou goumen kont ensalubrite kwonik la.
Tankou ansyen Premye minis Garry Conille ki echwe lamantab, Ralph Youri Chevry pran eslogan an pou li: « Mwen p ap fè bak ». Ann tann pou n wè…
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
«Le pari du dialogue»: Wilner Joseph rasanble anpil moun alantou liv li ak vizyon l pou Ayiti
19 nov
« Le pari du dialogue » : vizyon Wilner Joseph pou Ayiti ak relasyon l ak Repiblik Dominikèn
16 nov
Prezidansyèl 2027: Martine Moïse ofisyalize kandidati l anba banyè GAD
15 nov
Minis Sandra Paulemon mize sou fòmasyon kad pou modènize aksyon piblik
14 nov





