
Nan lavèy nouvo ane a, kòmandan Misyon Miltinasyonal Sipò pou Sekirite (MMSS), Godfrey Otunge, voye yon mesaj fò bay gang ame k ap teworize popilasyon ayisyen an.
« Ane 2025 la pral yon ane difisil pou gang kriminèl yo », Godfrey Otunge deklare ak yon ton fèm. Li bay bandi yo de chwa: « Rann tèt yo, depoze zam yo epi fè fas ak lajistis, oswa konfwonte MMSS la pandan operasyon desizif ».
Anplis, kòmandan Otunge pale tou de « patenarya ranfòse » ant MMSS la ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH), li souliye sipò y ap bay la ap pi solid toujou nan mwa k ap vini yo.
Pandan l ap remèsye kominote entènasyonal la pou sipò kontinyèl li an ekipman ak resous, Otunge ankouraje peyi ki poko kontribye nan misyon an pou yo akselere deplwaman fòs yo, san bliye mande plis resous ak finansman pou asire siksè operasyon an.
Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24
Tout atik li yoLi tou
Junior Bonheur parèt devan tribinal kriminèl la nan zafè Vivy Mitchell
15 nov
Radio Télé Métronome prèt pou eklate: yon lagè jidisyè mete Guerrier Dieuseul ak Corvington Jean fas a fas
27 okt
Gran Kou jistis: ONI avèti sou yon risk enpinite ann Ayiti
8 okt
Alix Didier Fils-Aimé mete nouvo ane jidisyè a anba siy refòm ak efikasite
5 okt





