
Peyi a pa ni dirije ni administre. Chak jou k ap pase, pawòl defen pwofesè Monferrier Dorval sa yo ap vin verite absoli. Apre eskandal 100 milyon goud la, jodi a se konseye-prezidan Smith Augustin ki nan mitan yon eskandal maryaj.
An efè, konseye-prezidan Smith Augustin te pale de sitiyasyon matrimonyal li, kote li di li divòse ak madanm li Nathalie Saintvil Augustin. Li te fè deklarasyon sa yo nan emisyon « le Rendez-vous » sou Gazette Haïti 26 me 2025.
Nan reyaksyon l, Nathalie nye li an pwosedi divòs ak konseye-prezidan ki enkilpe a, epi li revele yo te pase « bèl jou ansanm » pandan vizit li ann Ayiti an out 2024. Konsa, yo bay konseye-prezidan Smith Augustin yon jou fran pou l fè konnen pa yon wisye si li kenbe deklarasyon li te fè 26 me 2025 sou Gazette Haïti nan emisyon « le Rendez-vous », kote li di li se yon nonm ki divòse.
Depi plizyè deseni, Ayiti « dirije » pa ti nonm ki pa gen okenn sans Leta. Jou apre jou, yon eskandal chase yon lòt, epi pwoblèm ki la depi plizyè syèk yo rete san solisyon.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yo




