Mèkredi 25 novanm 2026

Sosyete

Nouvo echèk CPT a: nan Mibalè, yo kanpe santral Pelig la ankò

Pa Naïka Eugene

· Mete ajou 15 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Barrage hydroélectrique de Péligre avec rivière et personnes sur passerelle

Kapital Ayiti a, Pòtoprens, plonje nan fènwa ankò. Madi 17 jen 2025, abitan Mibalè, yon lòt fwa ankò, kanpe fonksyònman santral idwoelektrik Pelig la, prensipal sous kouran pou kapital la ak zòn alantou yo.

Nouvo mouvman pwotestasyon sa a rive apre yo te boule yon machin blende Polis nasyonal, yo rele « bèk kare », ki te sipoze sèvi nan operasyon kont gang yo. Rezidan yo repwoche fòs lòd yo inaksyon yo devan gwoup ame ki kontwole yon pati nan komin nan depi mas. Yo eksprime yon gwo santiman abandon e yo mande mezi konkrè pou retabli sekirite.

Se pa premye fwa yo vize santral Pelig la. Gen kèk semèn, yon aksyon menm jan an te deja plonje zòn metwopolitèn nan nan fènwa pandan prèske yon mwa. Se sèlman apre pwomès gouvènman tranzisyon an te fè yo te ka reaktive enstalasyon yo.

Malgre sa, angajman yo te pran yo sanble pa t ase. 10 jen ki sot pase a, Leslie Voltaire, konseye-prezidan nan CPT, akonpaye pa minis Travay piblik Raphaël Hosty, te rankontre aktè sektè enèji a pou anpeche yon nouvo blokaj. Diskisyon yo te pote sou sekirizasyon santral la ak repons a revandikasyon rivren yo. Pou granmesi. Mwens pase dis jou apre, Pelig kanpe ankò. Yon sitiyasyon ki mete aklè enkapasite Leta a pou reponn yon fason dirab a kriz lokal yo, ak frajilite ekstrèm aprovizyonman enèji peyi a.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Naïka Eugene

Engagée pour une société plus juste, inclusive et participative, je mets mon énergie au service du changement social et de la démocratie en Haïti. 📩 Email: naikaeugene@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @naikahebdo24

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here