
1ye janvye 1804, Ayiti antre nan istwa inivèsèl la lè l vin premye Repiblik nwa endepandan nan mond lan. Viktwa sa a kont esklavaj ak opresyon kolonyal la se te yon revolisyon imen, yon zak fondatè yon diyite yo rekonkeri. Men, de syèk apre, pèp ayisyen an san defans, san pwoteksyon, san yon vwa yo ka tande nan enstans entènasyonal yo.
Depi li fèt, nasyon an te pran nan pèlen dèt endepandans lan, Lafrans te enpoze an echanj rekonesans libète nou. Yon chantaj istorik ki te senyen ekonomi nou e ralanti pwogrè sosyal nou pandan plis pase yon syèk. E jodi a toujou, fado envizib sa a peze sou prezan nou.
Ak tan, Leta ayisyen an tonbe nan fayit total: enstitisyon yo frajil, dirijan yo fèb oswa kòwonpi, priyorite nasyonal yo kraze anba pye. Diplomasi ayisyen an vin mouran, redwi a yon figirasyon an silans, ki pa kapab defann dwa Ayisyen aletranje, ni ankouraje yon politik etranjè ki respekte souverènte nou.
Moun ki vle respè chèche l. Respè Ayisyen an, anndan kou deyò, p ap vini nan pitye lòt moun men nan yon reyapwopriyasyon kolektif desten nou. Sa kòmanse ak edikasyon. Yon lekòl ayisyen otantik, ki santre sou kilti nou, istwa nou, lang nou ak reyalite nou, dwe baz pou fòje yon nouvo konsyans sitwayen. Yon pèp san yon edikasyon nasyonal solid se yon pèp san zam devan advèsite.
Jodi a, y ap fè lachas Ayisyen, y ap ekspilse yo, entèdi yo, rejte yo, anba pretèks sekirite ak souverènte nasyonal pa menm moun k ap pwofite dram nou yo. Pwogram migrasyon rijid yo sèvi kòm baryè kont egzòd nou, pandan n ap kouri pou mizè, vyolans, koripsyon, enpinite ak esklizyon. Pèp ayisyen an ap vin tounen pwogresivman yon pèp k ap mache san kote pou l ale, yon pèp pou chase.
Men kiyès pou defann nou?
Kiyès pou retabli verite sou pase glorye nou, prezan konplèks nou, ak avni nou ki toujou posib?
Kilè n ap finalman deside pran desten nou nan men nou e fè moun respekte nou, san nou pa tann validasyon enstans deyò ki souvan konplis imobilis nou?
Nan yon mond globalize, klima resipwosite ak echanj ekitab ant nasyon yo se yon enperatif. Ayiti pa gen pou mande respè l; li dwe egzije l. Paske istwa p ap janm bliye Ayisyen te vèse san yo pou libète lòt pèp, kit se nan Amerik di Sid, nan Savannah oswa an Afrik. Solidarite nou te reyèl. Respè a dwe reyèl tou.
Poutan, kominote entènasyonal la rete anbigi. Li jenere nan diskou, men li destriktè nan entèvansyon li. Li lè pou kase ak ipokrizi peyi yo rele « zanmi » yo, ki ofri nou sèlman solisyon tou fèt, ki pa efikas, oswa menm toksik, san yo pa pran an kont reyalite politik, ekonomik, sosyal ak antwopolojik nou.
Nou bezwen vrè alye, pa mèt. Solidarite sensè, pa entèferans kache. Koperasyon, pa dominasyon.
Pèp ayisyen an merite pi bon. Li merite respè, diyite, jistis, ak yon plas egal nan konsè nasyon yo. Men pou sa, li dwe premye kanpe, ini, konnen tèt li, e rekonèt tèt li.
Kiyès ki pral defann pèp ayisyen an, si se pa li menm?
Paske pèsonn p ap vin sove pèp ayisyen an nan plas li.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.





