Mèkredi 18 novanm 2026

Sekirite

Kritik sou jesyon sekirite a, Himmler Rébu defann PNH e li plede pou ranfòse FAd’H

Pa Kattia Cadet

· Mete ajou 15 novanm 2026 · 1 min lekti

Pataje

Atik sa a disponib tou an English, Français ak Español

Homme parlant devant un micro en studio de radio

Envite nan emisyon « Dekante » sou Radyo Tele Ginen 21 out sa a, ansyen kolonèl Himmler Rébu bay yon analiz byen file sou sitiyasyon sekirite a ann Ayiti. Dapre li, Polis nasyonal d Ayiti (PNH), byenke li gen bòn volonte, pa gen kapasite estriktirèl pou fè fas ak gang ki ame jouk nan dan k ap kontwole gwo pòsyon teritwa a. Pou Rébu, se sèlman yon patisipasyon estratejik Fòs ame d Ayiti (FAd’H) ki ka retabli ekilib la.

Ansyen militè a montre li trè kritik anvè apwòch aktyèl la, ki chita an gran pati sou tann yon fòs etranje. Li jije estrateji sa a pa efikas, e sitou li kontrè ak souverènte nasyonal. « Nou pa ka pretann bati yon sekirite dirab ann Ayiti lè n ap bay lòt moun fè l pou nou », li afime.

M. Rébu denonse tou sa li rele « ipokrizi » nan koperasyon ak Etazini, prensipal founisè zam ki vin tonbe apre nan men gang ayisyen yo. Li plede pou yon politik sekirite pwòp peyi a, ki chita sou ranfòsman lame nasyonal la.

Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.

Pataje

Kattia Cadet

Journaliste à Hebdo24, Kattia Cadet couvre la politique, la société et l'économie haïtiennes, ainsi que les questions de sécurité et de diaspora.

Tout atik li yo

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here