
Misyon miltinasyonal sipò sekirite a (MMAS), ki deplwaye ann Ayiti depi plizyè mwa, sanble pre fini. Devan yon efikasite yo jije limite, Etazini ak Panama prezante jedi a, devan Konsèy sekirite ONI a, yon nouvo pwopozisyon: kreyasyon yon « Gang Suppression Force » (GSF).
Fòs sa a ta gen pou objektif konsantre efò entènasyonal yo sou netralizasyon dirèk gang ame yo, aktè santral kawo sekirite a ann Ayiti. Dapre diplomat ameriken yo, yon chanjman estrikti ta pèmèt yon apwòch ki pi sible, pi solid e pi byen kowòdone, ki kase ak rezilta MMAS yo jije ensifizan.
Anmenmtan, Washington ak Panama plede pou mete sou pye yon biwo sipò Nasyonzini, ki ta gen chaj sipèvize finansman, lojistik ak sipò operasyonèl misyon k ap vini an.
Sepandan, Konsèy la resevwa pwopozisyon an ak prekosyon. Kèk manm ensiste sou nesesite pou evalye an pwofondè enpak reyèl MMAS anvan nenpòt tranzisyon nan yon nouvo dispozitif.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste-Rédactrice à Hebdo24 | Politicienne | Experte en Relations Internationales 📩 : jenny@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @jennyhebdo24
Tout atik li yoLi tou
Frap salvadoryen: rezidans Jeff Gwo Lwa kraze, Nayib Bukele di se yon «kado» pou pèp ayisyen pou Vètyè
18 nov
Ofansif kont gang yo: fòs ayisyen ak salvadoryen yo pran lokal EDH nan Bisantnè
15 nov
Pòtoprens: PNH ak sòlda salvadoryen yo reprann kontwòl Estad Sylvio Cator
13 nov
Operasyon salvadoryen ann Ayiti: Alix Didier Fils-Aimé ak Nayib Bukele byen antann yo
10 nov





