
Atmosfè a cho anpil nan Filadèlfi pandan match tout moun ap tann lan ant Ayiti ak Brezil nan Koup di mond 2026 la ap pwoche. Deja nan estad la, minis Planifikasyon ak Koperasyon ekstèn (MPCE), Sandra Paulemon, mele ak plizyè milye fanatik ayisyen ki vin ankouraje seleksyon nasyonal la. Pandan èdtan yo ap pase, anbyans lan ap monte piti piti nan estad la. Koulè ble ak wouj yo ap anvayi gradin yo, kote chante, drapo ak mesaj sipò yo montre chalè ki anime dyaspora ayisyen an ansanm ak anpil konpatriyòt ki fè deplasman an pou okazyon an.
Nan mitan fanatik yo, Sandra Paulemon montre jan li tache ak ekip nasyonal la ak lespri rasanbleman match sa a kreye. Pou minis la, pi lwen pase rezilta espòtif la, patisipasyon Ayiti sou sèn mondyal la se yon sous fyète nasyonal ak yon senbòl inite. Devan youn nan pi gwo nasyon foutbòl nan mond lan, fanatik ayisyen yo vle fè yo tande vwa yo. « Kèlkeswa advèsè a, nou la pou nou ankouraje ekip nou an ak fyète, pasyon ak patriyotis », titilè MPCE a deklare.
Kèk moman anvan kout siflèt la, tout je yo tounen sou Grenadye yo, ki pote espwa tout yon pèp ak yon lanmè fanatik ki detèmine pou sipòte ekip yo a jiska lafen.
Redaksyon Hebdo24 tradui atik sa a apati vesyon orijinal an franse a.
Journaliste- Rédacteur, avocat et éducateur haïtien. 📩 Email: bernadinjules@hebdo24.com Suivez-moi sur X : @bernadinjules24
Tout atik li yo




