28 dawou 2020-28 dawou 2021 fè yon lane déjà depi ansyen batonye lòd avoka Pòtoprens lan te asasinen devan pòt lakay li Pèleren nan aswè. Pou make premye lane sa a, bawo Pòtoprens te lanse yon seri aktivite nan objektif pou salye memwa ansyen batonye a. Nan rendevou sa a te gen ekspozisyon zèv pwofesè a tankou liv ak atik ki se kontribisyon l te pote nan avansman domèn li an ki se Dwa piblik nan peyi a.
Nan sikonstans lan, etidyan nan dwa, avoka de karyè te kèk pami anpil moun ki te asiste ak aktivite sa yo. Touswit aprè ekspozisyon an, yo te fè plas ak konferans deba a.
Ak yon vwa ki te kouvri tout sal la, aktyèl batonyè lòd avoka kapital la, Marie Suzy Legros te koumanse deba a ak tout gwo tematik oubyen gwo lide ansye pwofesè te konn karese pandan li te vivan an. Soti nan «teyori fòmalite imposib», pase nan «chanjman konstitisyon» pour rive nan «chanjman rejim» ak anpil lòt ankò, moman an trè rich ak lide mèt la. Batonyè te fini entèvansyon li a pandan l swete pou lajistis non sèlman jwen koupab zak malonèt sa a men tou pou l pini yo kòmsadwa jan lalwa mande sa.
Aprè avokat se te tou pa pwofesè Leon Saint Louis, ki se li menm prezidan komisyon syantifik bawo Pòtoprens ki te sou panèl la. Konferansye a koumanse diskou li a pou l di depi lè doktè a te tounen nan peyi a nan lane 1994 jiska lanmò l lane pase, mèt Droval pa janm sispann pote kole pou avansman Dwa nan peyi isit. Li kontinye pou l di, gras ak pwofesè Monferier, domèn dwa a te pran pwa anpil sitou ak pil ak makòn apò li te pote.
N ap raple doktè nan dwa piblik la se te yon kokenchenn entèlektyèl ki te fè etid lisans li an Ayiti nan Travay Sosyal nan Fakilte Syans Moun yo anvan l t al aprann Dwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik. An aprè gras ak yon konkou anbasad lafrans an Ayiti te òganize nan kad yon akò ant Fakilte Dwa pa bò isit ak Inivèsite Aix-Marseille, jèn etidyan nan epòk la, Monferier Dorval te rive loreya konkou sila. Sa ki te ba l dwa al pouswiv etid mastè ak doktora li. Nan yon ti tan aprè, Dorval ta pral dekroche yon doktora nan Dwa piplik nan menm inivèsite sa a.
Daprè sa anpil moun sitou nan mond inivèsitè a di, ta sanble pwofesè pa t janm nan okenn pati politik. Li te toujou ap fè de pwopozisyon, pale de pawòl libète nan lide pou l wè kouman l te ede peyi sa a libere. Tankou pawòl sa a li te souvan repete pandan rèy gouvènman Jovenel Moise la, « Peyi a p ap ni administre, ni dirije».
Yon pawòl ki ta menm koze lanmò mèt la daprè anpil moun. Paske kèk jou aprè l te fin repete gwo pawòl sou yon estasyon Radyo nan kapital la, eksakteman 28 dawou 2020 nan aswè, yo atake l epi tiye l nan rizidans prive li menm nan Pèleren tou prè rezidans prive ansyen prezidan peyi a Jovenel Moise.
Eske ansyen batonye a ap jwenn jistis? Se youn pi gwo kesyon nou te ka poze men ki pètèt oubyn p ap janm jwenn repons.
Restez connecté avec Hebdo24
- X : https://bit.ly/3R3qZeW
- Facebook: https://bit.ly/3MOtv6j
- Instagram : https://bit.ly/47lK69A
- Tiktok: https://bit.ly/49Gkcz2
- WhatsApp : https://bit.ly/3MOKF3G
- Telegram : https://bit.ly/3ueRJju
Commentaires