Hebdo24Hebdo24
    Facebook Twitter Instagram YouTube
    à la une
    • Ariel Henry pa gen entansyon kite pouvwa le 7 fevriye 2022
    • Akò Montana: Lè Steven Benoit anvi pòs Premye Minis la
    • 7 fevriye 2022: Sena a vle rankontre Premye Minis la
    • Dosye Jovenel Moïse: Rodolphe Jaar riske pase vil nan prizon
    • Ayiti – Politik: Fritz Alphonse Jean chwazi pou dirije Tranzisyon an
    • Ayiti – Kanaval 2022 : Ariel Henry mete sou pye yon komite refleksyon
    • Fednaëlle François, « yon kokennchenn fanm Lagonav »
    • Emmelie Prophète Milcé, nouvo Minis Kilti ak Kominikasyon
    29 March 2023 Connexion
    Facebook Twitter Instagram YouTube
    Hebdo24 Hebdo24
    • Akèy
    • Aktyalite
    • Politik
    • Ekonomi
    • Sante
    • Kilti
    • Sosyete
    • Espò
    • Entènasyonal
    • Kreyòl Ayisyen
    Hebdo24Hebdo24
    Accueil » Seri aktivite òganize nan memwa «Dr Monferier DORVAL»
    Aktyalite

    Seri aktivite òganize nan memwa «Dr Monferier DORVAL»

    La RedactionBy La Redaction28 August 2021No Comments3 Mins Read
    Share
    Facebook Twitter LinkedIn Pinterest Email

    28 dawou 2020-28 dawou 2021 fè yon lane déjà depi ansyen batonye lòd avoka Pòtoprens lan te asasinen devan pòt lakay li Pèleren nan aswè.  Pou make premye lane sa a, bawo Pòtoprens te lanse yon seri aktivite nan objektif pou salye memwa ansyen batonye a. Nan rendevou sa a te gen ekspozisyon zèv pwofesè a tankou liv ak atik ki se kontribisyon l te pote nan avansman domèn li an ki se Dwa piblik nan peyi a.

    Nan sikonstans lan, etidyan nan dwa, avoka de karyè te kèk pami anpil moun ki te asiste ak aktivite sa yo. Touswit aprè ekspozisyon an, yo te fè plas ak konferans deba a.

    Ak yon vwa ki te kouvri tout sal la, aktyèl batonyè lòd avoka kapital la, Marie Suzy Legros te koumanse deba a ak tout gwo tematik oubyen gwo lide ansye pwofesè te konn karese pandan li te vivan an. Soti nan «teyori fòmalite imposib», pase nan «chanjman konstitisyon» pour rive nan «chanjman rejim» ak anpil lòt ankò, moman an trè rich ak lide mèt la. Batonyè te fini entèvansyon li a pandan l swete pou lajistis non sèlman jwen koupab zak malonèt sa a men tou pou l pini yo kòmsadwa jan lalwa mande sa.

    Aprè avokat se te tou pa pwofesè Leon Saint Louis, ki se li menm prezidan komisyon syantifik bawo Pòtoprens ki te sou panèl la. Konferansye a koumanse diskou li a pou l di depi lè doktè a te tounen nan peyi a nan lane 1994 jiska lanmò l lane pase, mèt Droval pa janm sispann pote kole pou avansman Dwa nan peyi isit. Li kontinye pou l di, gras ak pwofesè Monferier, domèn dwa a te pran pwa anpil sitou ak pil ak makòn apò li te pote.

    N ap raple doktè nan dwa piblik la se te yon kokenchenn entèlektyèl ki te fè etid lisans li an Ayiti nan Travay Sosyal nan Fakilte Syans Moun yo anvan l t al aprann Dwa nan Fakilte Dwa ak Syans Ekonomik. An aprè gras ak yon konkou anbasad lafrans an Ayiti te òganize nan kad yon akò ant Fakilte Dwa pa bò isit ak Inivèsite Aix-Marseille, jèn etidyan nan epòk la, Monferier Dorval te rive loreya konkou sila. Sa ki te ba l dwa al pouswiv etid mastè ak doktora li. Nan yon ti tan aprè, Dorval ta pral dekroche yon doktora nan Dwa piplik nan menm inivèsite sa a.

    Daprè sa anpil moun sitou nan mond inivèsitè a di, ta sanble pwofesè pa t janm nan okenn pati politik. Li te toujou ap fè de pwopozisyon, pale de pawòl libète nan lide pou l wè kouman l te ede peyi sa a libere. Tankou pawòl sa a li te souvan repete pandan rèy gouvènman Jovenel Moise la, « Peyi a p ap ni administre, ni dirije».

    Yon pawòl ki ta menm koze lanmò mèt la daprè anpil moun. Paske kèk jou aprè l te fin repete gwo pawòl sou yon estasyon Radyo nan kapital la, eksakteman 28 dawou 2020 nan aswè, yo atake l epi tiye l nan rizidans  prive li menm nan Pèleren tou prè rezidans prive ansyen prezidan peyi a Jovenel Moise.

    Eske ansyen batonye a ap jwenn jistis? Se youn pi gwo kesyon nou te ka poze men ki pètèt oubyn p ap janm jwenn repons.

    Commentaires

    Share. Facebook Twitter Pinterest LinkedIn WhatsApp Reddit Tumblr Email
    La Redaction

    Related Posts

    Akò Montana: Lè Steven Benoit anvi pòs Premye Minis la

    21 January 2022

    Dosye Jovenel Moïse: Rodolphe Jaar riske pase vil nan prizon

    21 January 2022

    Ayiti – Politik: Fritz Alphonse Jean chwazi pou dirije Tranzisyon an

    17 January 2022

    Leave A Reply Cancel Reply

    Ariel Henry pa gen entansyon kite pouvwa le 7 fevriye 2022

    21 January 2022

    Akò Montana: Lè Steven Benoit anvi pòs Premye Minis la

    21 January 2022

    7 fevriye 2022: Sena a vle rankontre Premye Minis la

    21 January 2022

    Dosye Jovenel Moïse: Rodolphe Jaar riske pase vil nan prizon

    21 January 2022
    Restons connectés
    • Facebook 109K
    • Twitter 3.5K
    • Instagram 98K
    • YouTube 8.5K
    Facebook Twitter Instagram YouTube
    • Kiyès nou ye
    • Kontakte nou
    © 2023 Hebdo 24 Tous droits réservés.

    Type above and press Enter to search. Press Esc to cancel.

    Sign In or Register

    Welcome Back!

    Login to your account below.

    Lost password?