JOVENEL MOISE DEVAN LISTWA, KISA MEMWA KOLEKTIV DWE TOUJOU SONJE?

0
2540
  • Kreyon listwa pa gen gòm.
    Gen yon sosyològ fransè ki pote non Maurice Halbwachs(1887-1945) nan yon liv ki gen pou tit :« Les cadres sociaux de la mémoire» {1} li pale de memwa kolektiv kote l montre, nan yon premye tan, chak grenn moun gen yon seri souvni ki pwòp a yo menm, ki sòti nan eksperyans pèsonèl yo viv, se sa ki konstitiye memwa endividyèl la. Nan yon dezyèm tan, li fè konnen memwa chak grenn moun anrasine nan yon gwoup sosyal byen defini. Nan sans sa, li vle fè konprann memwa endividyèl yo jwenn sous nan memwa gwoup sosyal kote moun sa yo grandi, sa ki akouche yon memwa kolektiv.

Otè a kontinye pou l fè diferans ant de (2 )gwo kategori memwa :
Memwa otobiyografik ki gen rapò ak esperyans pèsonèl yon moun viv epi memwa istorik ki se yon seri evènman ki make ansanm sosyete a k ap konsève epi transmèt bay jenerasyon k ap vini yo.

Kisa jenerasyon jodi a dwe kite bay jenerasyon k ap vini yo nan sa ki gen pou wè ak memwa istorik/memwa kolektiv pa rapò ak pouvwa Phtk e gouvènman Jovenel la prensipalman ?

Kisa n dwe sonje ?poukisa ? Kisa nou dwe konstwi kòm diskou sou sa n dwe sonje yo?

Ki pyèj politik ki dwe evite nan konstriksyon memwa istorik /memwa kolektiv ki pral marande ak Gouvènman sila?

Pou n komanse travay sa, nou pra l gade rapò Ki genyen ant istwa ak memwa kolektik.

ISTWA E MEMWA KOLEKTIV

Gen plizyè apwòch konsènan definisyon listwa. Men definisyon n pra l bay la sitou gen rapò ak katriyèm jenerasyon «L’Ecole des annales » sou direksyon Bernard Lepetit. Nan sans sa, nou ta ka di listwa se yon konstwi, yon konstwi kritik e entelektyèl. Listwa pap janm sispan konstwi. Travay istoryen an se anpeche fè yo, èvenman yo tonbe nan tou, anpeche yo mouri e antere. Li la pou l reflechi sou koz evènman yo ak konsekans yo. Listwa se yon diskou kritik sou sa n viv nan pase nou.

Memwa kolektiv se tout reprezantasyon yon gwoup sosyal genyen sou tèt li a travè sa l viv nan pase l. Se tout kwayans, tout mit, tout eksperyans yon gwoup moun genyen e viv ansanm.
Pou Nora Pierre ki se yon istoryen fransè, memwa kolektiv se : << tout souvni, tout eksperyans yon kolektivite viv ansanm, se tout santiman yo konstwi epi konsève sou pase yo>> {2}
Selon Pierre Gagnepain (chercheur français en neurosciences) memwa kolektiv la konstitiye yon modèl mantal komen ki travèse tan ak espas. Memwa la pou anpeche n bliye, li dwe ede n sonje ansanm sa k te fè n byen, sa k te endiye nou, sa k make lavi nou kòm pèp, kòm nasyon.
Memwa a kapab glorifye, valorize oswa refoule. Listwa gen pou misyon pou l nouri memwa, akonpaye l nan evolisyon l. Memwa kolektiv la pèmèt gwoup sosyal yo kenbe èvenman pase yo anba bra yo epi vwayaje avèk yo a travè tan e a travè lespas.
Lè n byen gade, n ap wè listwa se nannan memwa kolektiv. Li gen misyon pou l konstitiye memwa kolektiv la, konstwi li epi revize l. Memwa kolektiv la menm dwe byen pran swen listwa pou l toujou rete byen vivan. Youn pa mache san lòt, yo dwe viv tankou kòkòt ak figawo.

Ann pran kèk egzanp sou istwa ak memwa kolektiv:

Revolisyon 1804 la ki akouche endepandans Ayiti rete grave nan tèt tout moun. Anpil fwa nou fè referans avè l pou n montre grandè nou. Souvan nou repete <<Se san Desalin k ap koule nan venn mwen >> yon mannyè pou n refere n ak gwo esplwa nou te fè kont pi gwo lame nan epòk la ki te lame fransè.

Gè sesesyon (1861-1865) nan peyi Etazini se yon egzanp memwa kolektiv. Anpil fim fèt sou sa, anpil roman ekri sou li. Se yon evènman ki rapòte de jenerasyon an jenerasyon.

Memwa yon pèp enpòtan nan idantitel. Idantite n se tout sa ki fè de nou sa nou ye a. Ki zèv n ap glorifye ? ki moun n ap glorifye? ki diskou n ap konstwi sou tèt nou? Tout sa yo fondamantal nan idantite n. Se sa k fè li enpòtan pou n pa transfòme demon an sen ni sen an demon paske sa ap gen anpil enpak sou chwa n ap gen pou n fè e sou jan lòt nasyon pra l gade nou. Sa ap gen anpil konsekans sou dinamik sosyal/Politik la.

ANN GADE KOUNYE A POUVWA JOVENEL LA E KISA MEMWA KOLEKTIV DWE KONSÈVE.

Ki sa jenerasyon jodi a dwe kite bay jenerasyon k ap vini yo nan sa ki gen pou wè ak memwa istorik/memwa kolektiv pa rapò ak pouvwa Phtk e gouvènman Jovenel la prensipalman ?

Nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè, kò asasinay fèt sou ansyen prezidan Jovenel Moise. Nou denonse ak tout fòs nou zak sila e nou voye gwo senpati bay fanmi ak zanmi prezidan an. N ap mande jistis pou tout sitwayen-èn ki mouri asasine sòti sou moun yo masakre nan katye popilè yo sou Gouvènman sa (Lasalin, bèlè, site solèy, kafou fèy, Dèlma 32) rive sou lòt asasina ki fèt sou pwofesè, etidyan, militan, jounalis tankou mèt Doval, Gregory St Hilaire, Antoinette Duclaire, Dieugo Charles. N ap mande jistis pou tout moun ki disparèt, tout sila yo kochon manje, tout sila kay yo boule ansanm ak yo.Tout Ayisyen.èn ki sibi kidnapin, krim politik. Lavi pèsonn pa dwe banalize.

Pou listwa ak memwa, popilasyon an dwe jwenn esplikasyon sou Kòman yon gwoup moun rive netralize sekirite prezidan, antre touye l nan chanm li?
Sa poze yon pwoblèm dentèrè piblik.
Se yon gwo menas pou enstitisyon laprezidans lan.
ki garanti sekirite kelkeswa prezidan ap genyen?Enstitisyon laprezidans lan pa dwe tounen yon savann pou yon gwoup antre touye yon prezidan san pyès rezistans. Li enpòtan pou koupab yo arete, jije, yon fason pou okenn lòt gwoup pa genyen pretansyon poze zak sa ankò. Laprezidans dwe rekipere senbolism li.

Jovenel Moise se 58tyèm prezidan peyi Ayiti ki te eli nan eleksyon 20 novanm 2016 yo kote se anviwon 500.000 moun ki te vote l sou yon elektora ki genyen plis pase 5 milyon elektè. Pwomès kanpay li yo te chita sou divès pwen tankou:

Estabilite politik ak makro ekomimik, kreyasyon travay nan agrikilti, pwojè teleferik nan depatman nò, fasilite aksè pou moun jwenn kredi, itilizasyon enèji renouvlab yo nan agrikilti, refòme administrasyon piblik yo, diminye depans fonksyonman Leta, lite kont koripsyon ak kontreband, ogmante randman Leta a 40 %, kouran 24/24 Elatriye…

<<Avèk kat elektoral nou, nou louvri yon lòt paj nan listwa, nou chwazi chemen pwogrè, chemen demokrasi, chemen estabilite politik ak pwodiksyon nasyonal >>
se pawòl sa yo ansyen prezidan Jovenel te pwononse aprè piblikasyon rezilta konsèy elektoral la ki te pwoklame l prezidan.

KISA AN REYALITE KI KARAKTERIZE POUVWA JOVENEL LA ?

1)MANSONJ AK MANIPILASYON

Depi 1806, yon ti gwoup rive tabli yon Leta neyo kolonyal ki chita sou esklizyon majorite a, eksplwatasyon ak yon sistèm mafya ki òganize l an veritab klan sosyal. Lè n ap fè yon analiz kritik sou ansanm eleman ki anpeche devlopman peyi a, se t ap movèz konsyans si nou ta ekate wòl oligachi a nan koukouman sosyete a, nan mizè popilasyon an.

Depi seyans peyi lòk ane 2019 la, pouvwa Jovenel la te vini ak yon diskou anti sistèm, anti oligachik ki te vle fè konprann li pral tabli jistis sosyal epi ekilibre sosyete a. Sa ki te kreye gwo deba ak gwo konfli ant pouvwa ak de(2) gwo boujwa tankou Reginal Boulos epi Dimitri Vorbes. Anpil kaka chat ta pral pran lari.

Kisa nou ka aprann nan sa ?

Premye bagay nou konstate, popilasyon an pi byen enfòme konsènan gwoup moun ki gen monopòl tout bagay nan peyi a epi ki kontinye kontribiye nan rann yo pi pòv.
Men tou li enpòtan pou listwa kenbe gwo travay manipilasyon ki fèt nan koze sa kote pouvwa eksplwate kontradiksyon ki genyen nan mitan oligarchi a pou l ranfòse richès yon gwoup, konsolide plis pouvwa l epi atake yon lòt gwoup ki rezime ak 2 moun sèlman(Boulos /Vorbes).

Diskou manipilatè a vle fè konprann se yon konba kont oligachi a pou mete bon jan ekilib sosyal, poutan menm pouvwa sa mare sosis li ak majorite gwo towo nan oligachi a nan ba yo avantaj bab ak moustach. Nou p ap bliye kontra avèk <<HELICO S.A de Shérif Abdallah>> Se jis 28 novanm 2020 an kou siperyè dèkont rive bloke kontra sila ki te Koute Leta ayisyen 3 milyon 345 mil 094.46 dola pou yon sèl peryòd. Nou p ap bliye dekrè 8 fevriye 2021 an kote pouvwa deside bay fanmi Apaid 8300 ekta tè nan savann dyàn ki layite kòl sou twa (3) depatman.

Èske Gilbert Biggio, Renold Deep, Andy Apaid, Sherif Andallah, Christopher Handal, Allain Zureik pa fè pati oligachi a? Èske se pa fanmi Deep yo ki kontwole ministè finans, planifikasyon, komès, DGI ak ladwàn?
Èske nou ka bliye gwo kontra Jovenel te pase avèk MSC PLUS nan kad karavàn chanjman kote l te genyen gwo fwod (surfacturations) epi anpil nan materyèl yo pat livre ? Eske n ka bliye kontra avèk SAFARI Motors kote Zureik fè gwo lajan?
Prezidan Jovenel t ap sèvi menm oligachi li t ap denonse a. Gwo pwopagand te fèt ak dosye Vorbe/Boulos la pou te manipile opinyon piblik epi fè Kwè gen gwo batay kont oligachi a.

Listwa ak memwa dwe toujou sonje konfli avek de (2) nan manm oligachi a se pa yon konfli ant Leta ak oligachi a vrèman. Se pa Leta kòm enstitisyon ki te vle mete lòd, reyòganize ekonomi a epi rekipere byen peyi a nan avantaj majorite a. Men se te yon konfli ant Jovenel ak de (2) manm nan oligachi a pandan rès gwo potanta nan menm oligachi sa te nan gwo konplisite avè l. Enstitisyon etatik yo te senpman itilize kòm yon zouti represif pou l te rive akouche demanch li yo.

Memwa kolektiv dwe kenbe byen vivan gwo travay manipilasyon ki fèt nan dosye sa pou pi devan popilasyon an pa pran kaka poul blanch pou ze. Nou dwe toujou sonje gen yon gwoup oligarchik ki jwenn tout kalte kontra, tout kalte privilèj sou pouvwa sa epi ki vin pi rich pandan popilasyon an vin pi pòv.

2)INFLASYON, CHOMAJ AK OGMANTASYON POVRETE

<<9,3% en juillet 2015 : Haïti très proche d’une inflation à deux chiffres>>
Sa se tit yon atik Jounal Lenouvelis te pibliye kote enflasyon an te 9,3% nan ane 2015. Daprè IHSI to enflasyon an pou janvye 2021 an te 18,7 % san n pa bliye pou ane 2020 an li te anviwon 20 %. Sa vle di to enflasyon an sòti ane 2015 pou rive ane 2021 pase de 9,3% a 18,7 %. Donk li double.

Kisa ki enflasyon an?

Enflasyon se yon fenomèn ki tradui ogmantasyon pri byen ak sèvi anndan yon sosyete. Sa vle di sa moun bezwen pou sèvi, manje vin mwens aksesib chak jou pi plis akoz y ap vin pi chè. Kidonk depi to enflasyon an monte, pouvwa pou ajan ekonomik yo konsome vin diminye, valè reyèl goud la bese pi plis chak jou. Enflasyon an trennen de (2) lòt gwo pwoblèm ki se povrete ak chomaj.

Depi ane 2018, to nasyonal povrete a te deja 58,9% epi estrèm povrete a te 23,8 % (Jounal nouvelis, 17 jiyè 2018). Anviwon 6,3 milyon Ayisyen pa an mezi pou satisfè bezwen esansyèl yo.
Nan ane 2016, popilasyon aktiv la te reprezante 4,8 milyon. Selon sa Nouvelis rapòte, to chomaj la te 70%. Soti 2016 pou rive jodi a Kisa ki chanje ? Anyen.
70% popilasyon an ap viv ak pi piti pase de (2) dola epi 50 % ap viv ak pi piti pase yon (1) dola. Selon FAO (Organisation des nations unis pour l’alimentation et l’agriculture, 25 jiyè 2019) to malnitrisyon an pou ane 2019 la te 49,3%. Soti jiyè 2019 pou rive 2021, pa gen pyès efò ki fèt pou ranvèse sitiyasyon sila.
Chomaj, mizè, enflasyon se kout bagèt sou tanbou pouvwa a. Jodi a, nou ka senpatize, denonse asasina Jovenel Moise san nou pa tòde kou Listwa ni fè l tounen ewo. Memwa kolektiv dwe toujou sonje se pa Jovenel ki tabli povrete nan peyi a men pouvwa l la pat rive mobilize anyen pou te kwape l epi favorize emansipasyon mas popilè yo, okontrè move dil politik pouvwa sa ak vye konpromisyon lage n nan gwo twou, nou poko wè ki longè kòd k ap ka rale n monte.

3)ENSEKIRITE PIBLIK

Nòmalman, Leta dwe kontwole tout ale vini k ap fèt nan sosyete a, sòti sou manje k ap antre, medikaman, moun k ap antre, materyèl tankou machin, zam elatriye.
Kontwòl sa yo dwe antre nan sousi Leta genyen pou konbat tout sa ki ka mete lavi manm sosyete a an danje oubyen ki kapab twouble lapè piblik. Sou pouvwa sa sitou, gen twa (3) gwo eleman ki karakterize ensekirite piblik la:
a) Pwoliferasyon fenomèn gang lan.
b) kriminalite (masak, asasina, egzekisyon) ch) Ogmantasyon to kidnapin lan.

Gansterizasyon, masak, kidnapin.

Youn nan elaman ki karakterize fenomèn gang lan sou pouvwa sa se miltiplikasyon ak prezans gang yo toupatou. Lè n pale de gang kounye a, nou pa wè sèlman gran ravine, lasalin ou site solèy. Nou wè tou yon seri pwovens tankou Savyen nan Latibonit, kot Akaden ak yon seri lòt zòn ki pat janm konnen fenomèn sila avan tankou kwadèboukè. Nan ane pase yo, pwovens yo te devlope yon sistèm oto-regilarizasyon ki te anpeche nesans fenomèn sa yo, men politizasyon gang yo trennen fenomèn sila nan yon seri lòt zòn pèson pa ta panse.

Lòt fenomèn ki karakterize pouvwa nan koze gansterizasyon an se medyatizasyon Chèf gang yo epi posibilite konivans yo ak yon seri manm anndan pouvwa.

Pwoliferasyon fenomèn gansterizasyon an nan katye popilè yo sitou kreye yon seri «Ti Leta » anndan yon «Gwo Leta» Gen yon delimitasyon jewografik nan sa ki gen pou wè ak otorite leta. Souverènte l pa rive tabli nan yon seri espas anndan peyi a. Oubyen nou ta ka di, gang yo sèvi pon pou Leta rive gen aksè nan yon seri katye. Gen anpil zòn okenn inite nan lapolis pa ka frekante san lapèmisyon chèf gang k ap dirije zòn sa yo.
Nan sans sa, fòs lòd yo pa rive gen kontwòl yon seri aksyon politik. Yo pèdi kontwòl gwoup ame yo. Ensekirite piblik la vin galope a yon vitès egzajere.

Nan ane 2019,CNDDR(La Commission nationale de désarmement de démobilisation et de réinsertion) te fè konnen genyen anviwon 76 gang ame an Ayiti pou yon peyi ki genyen sèlman 10 depatman.
Nan yon atik «France 24 » te pibliye nan jou ki te 8 jiyè 2021 an, li fè konnen
selon Nasyonzini (ONU), yontyè 1/3 nan vil Pòtoprens lan sou menas aktivite kriminèl anviwon 95 gang. Genyen plis pase 3000 moun ame ki afilye ak gang sa yo. Menm atik sa rapòte ankò genyen 500.000 gwo zam k ap sikile sou teritwa nan men gang ame sa yo. Zam sa yo sèvi pou kidnape moun epi elimine advèsè politik ki jenan. Atik la kontinye pou l di CNDDR ki ta dwe la pou dezameman epi konbat gang sa yo ta sanble patisipe nan kreyasyon G9 an fanmi e alye ki se alyans ant plizyè (9) gwoup gang ki pwisan anpil nan kapital la. Sa ki ta konfime konivans pouvwa avèk yon seri gang anndan sosyete a.

Gansterizasyon an akouche yon seri gwo krim:
n ap sonje nan jou ki te 13 novanm 2018 la nan Lasalin, plis pase 71 sivil te mouri asasine, anpil fanm te sibi vyòl, anpil kay te boule. Sou tout rezo sosyal yo, nou t ap gade avèk anpil lapèn kòman kochon t ap manje moun. N ap sonje masak bèlè kote te genyen 13 moun mouri, 5 moun disparèt epi 4 blese grav. Sann pa bliye masak site solèy, dèlma 32, kafou fèy. Asasina Rospide Petion, Néhemi Joseph, Antoinette Duclaire ak Diego Charles, Mamoun Regis,Eveline Sincère, mèt Dorval, Gregogry St Hilaire, elatriye.

Selon «Nou pap dòmi»,ant janvye ak out 2021, te genyen 124 ka kidnapin anrejistre. Jounal «alterpresse » bò kote pa l rapòte 142 ka kidnapin sòti janvye pou rive mas 2021.
Listwa ak memwa pa dwe janm bliye kòman pouvwa sa enstitisyonalize banditis ak gansterizasyon epi banalize lavi moun.

3)KORIPSYON

Youn nan gwo pwogram kanpay ansyen prezidan Jovenel Moise se te konbat koripsyon. Nan youn nan diskou selèb li, li te fè konnen peyi a gen 5 gwo pwoblèm: koripsyon,koripsyon…..Poutan pouvwa Phkt an jeneral epi Jovenel Moise an patikilye patisipe nan pi gwo eskandal koripsyon, pi gwo krim finansye peyi a pat janm konnen. Nan rapò petwokaribe kou siperyè dèkont pibliye, ansyen prezidan an endekse 69 fwa kote te gen gwo detounman lajan ki te fèt a travè yon seri fim li te responsab ki se Agritrans ak Bretex, san nou pa bliye li te toujou rete yon enkilpe selon rapò UCREF
te sòti ki te fè konnen Jovenel Moise te konn ap manipile lajan ki pa gen anyen pou wè ak antrepriz l ap dirije yo.
Nou tout sonje konpòtman ansyen prezidan te genyen anvè UCREF aprè l te fin pran pouvwa.

Nou p ap bliye eskandal koripsyon konsènan dosye dèmalòg la kote pouvwa te pase anba pye entèdiksyon kou siperyè dèkont pou l te egzekite kontra sila .
Nou pap bliye eskandal kit eskolè a kote anpil lajan te detoune. Minis Roosevelt Bellevue ki te akize nan koripsyon e jwenn revokasyon l te deside montre se koup prezidansyèl la ki responsab epi yo akize l. Pou l te fè silans, pouvwa a te bal yon pòs pou reprezante Ayiti nan òganizasyon mondyal komès (OMC).
Jou ki te 13 desanm 2017 la nan peyi Lafrans, prezidan jovenel te deklare li nome 50 jij ki akize pou koripsyon. Sa ki te fè gwo pawòl anpil nan sosyete a.
Alòske gen yon pakèt minis ki enplike nan gwo eskandal koripsyon petwokaribe a, ansyen prezidan Jovenel Moise te pibliye yon dekrè nan dat ki te 5 jiyè 2021 an pou l te bay dechaj ak tout ansyen minis sòti ane 1991 rive ane 2017. Anviwon 6 minis ki dwe rann kont epi jije pou dwèt long blanchi avèk dekrè sa. Se manke popilasyon an dega ki te fè gwo mobilizasyon pou te denonse krim finansye sa e jwenn rapò petwokaribe a.

Kòman yon pouvwa ki di l ap batay kont koripsyon rive poze yon zak malonèt konsa ?
Okenn manèv politik, okenn manipilasyon ideyolojik pa dwe jwenn baryè lib pou sanktifye zak kriminèl sa yo. Pou listwa e pou memwa, nou dwe toujou sonje pouvwa sa pote kòm mak fabrik enpinite, koripsyon ak enjistis.

4)YON PWAZON POU DEMOKRASI

Prezidan Jovenel ki te pwomèt nan kanpay li pou l refòme administrasyon piblik yo rive mobilize tout kalte riz ak aksyon anti demokratik pou kraze tout ensitisyon kle nan peyi a. Dwa se yon zouti pou òganize ak fè sosyete yo byen fonksyone, men ansyen chèf Leta te itilize pozisyon l pou fè obstak ak aplikasyon la lwa e etablisman yon Eta de dwa.
Sou plan jiridik, nan sa Ayiti pran la, menm jiris ki pi positivis yo paka eksplike anyen.
Atik 134 konstitisyon an fè konnen, Prezidan gen pou misyon pou l garanti bon fonksyonnman tout ensitisyon yo. Poutan ansyen chèf Leta kraze tout ensitisyon ki ta dwe la pou kontrebalanse pouvwa egzekitif la. Depi janvye 2020, prezidan ap dirije an mèt absoli. Se yon pouvwa ki ponn dekrè pi rèd pase poul blanch k ap ponn ze :

Nan ane 2020, li fè yon senp piblikasyon sou kont Twitter li pou l kraze yontyè 1/3 nan sena.
Li kraze kou siperyè dèkont, li kraze lapolis.
Li mete yon konsèy elektoral san konsèy sa pa prete sèman devan kou kasasyon.
Li pase anba pye manman lwa peyi a kote l te gen entansyon fè yon referandòm enkonstitisyonèl pou te mete yon lòt konstitisyon an gwo ponyèt. Li atake ak gwo kout mato pouvwa jidisyè a.

Si n ap gade byen, n ap wè tout objektif li se te brize baz òganizasyonèl sosyete a pou l te ka tabli fòm pouvwa otoritè, ilegal li te toujou swete a.Yon chèf Leta ki pa Kwè nan valè repiblikèn, valè demokratik ak eta de dwa pa tap janm rive mete estrikti pou valorize byennèt ak lavi moun. Se s ak fèl pat devlope pyès anpati fas ak pil masak epi pil krim yo.

ÈSKE JOVENEL SE YON MATI (Martyr)?

Kilè yon moun se yon mati?
Yon mati se yon moun ki mouri pou yon koz nòb, yon moun ki konsakre lavi l nan defann enterè mas popilè. Yon mati se yon moun ki moral, onèt. Se yon moun ki gen konviksyon, ki koyeran e konstan nan pawòl li ak aksyon l.

Nan listwa gen plizyè Chèf Leta ki mouri sou pouvwa. Genyen ki mouri paske yo t ap defann yon seri koz ki nòb, paske yo te gen yon seri pwojè kolektif ki te menase enterè pèsonèl yon ti gwoup. Gen lòt ki mouri sou pouvwa men ki pa t ap defann okenn pwojè kolektif. Lanmò yo se pito rezilta kontradiksyon entèn ki genyen anndan fanmi politik yo, swa paske yo pat respekte dil (deal) politik ki te pwomèt oubyen tou nan faz repwodiksyon pouvwa, yo vin prezante gwo danje pou bawon politik yo ki nan menm kan ak yo.

Mouri sou pouvwa pa sifi pou n di yon moun se yon mati, yon ewo. Li enpòtan pou n gade bay kiyès moun sa te pote pouvwa, Kiyès ki te privilejye, Kiyès ki te viktim.
Eske se te pouvwa majorite a oubyen pouvwa yon ti gwoup aristokrat?

Ann pran kèk egzanp :

a)Jan Jak Desalin se youn nan chèf Leta ki mouri sou pouvwa. Aprè Lendepandans Peyi Ayiti, papa nanchon an te deside pou revolisyon an kontinye, li te vle ak tout fòs li pou pwojè libète ak byennèt pou tout mou lan pa bloke nan tan ak lespas.
Oligachi milat la Ki se lotè asasina Anperè a, te batay bò kote ansyen esklav yo nan lide pou yo te retire Sen Domeng anba grif Lafrans. Men batay oligachi a te limite ak endepandans peyi a sèlman, tout objektif yo se te chase ansyen kolon yo yon mannyè pou yo ka pran plas yo epi repwodwi menm pratik ki te gen nan koloni a avan 1804. Se sak fè aprè 1804 yo te gen nan pwojè yo pou yo te akapare tout tè nan peyi a epi itilze ansyen esklav yo tankou sèf nan sistèm fewodal. Desalin deklare TOUT TÈ SE POU LETA, li voye jete enterè pèsonèl tout kategori sosyal ki te bezwen pran tè epi l fè Leta tounen sèl vrè pwopriyetè. Latè ki te sèl sous richès peyi a antre nan domèn piblik pou l kapab sèvi enterè jeneral. Ideyal liberatè a se te mete kanpe yon Leta ki koupe fache ak pratik kapitalis dezimanizan an epi liberalis grandonachi a pou te favorize emansipasyon mas popilè a.
17 oktòb 1806, oligachi milat la asasine Desalin ak tout pwojè emansipasyon mas popilè a. Asasina sila se rezilta yon konplo ki gen de (2 ) tèt : entèn epi ekstèn.

Entèn paske l te kanpe kont pwojè milat yo ki te vle non sèlman etabli aristokrasi koulè yo epi pran kontwòl pouvwa politik la men ki te vle tou mete kanpe yon aristokrasi teryèn pou yo te ka toujou gen sipremasi ekonomik la.
Ekstèn paske pwisans kolonyalis yo nan epòk la tankou Lafrans, Espay elatriye te rayi papa nanchon an paske l te oze panse lavi moun san dominasyon kolonyal/esklavajis.
Desalin te reprezante gwo menas pou lòd entènasyonal la ki te chita sou kolonizasyon ak lesklavaj. Desalin se yon mati (Martyr )paske l mouri sou pouvwa akoz li t ap defann yon pwojè kolektif, akoz li te vle tè peyi Ayiti tounen yon espas kote tout moun kapab afime egzistans yo antanke moun toutbon, moun ki lib. Anperè a se yon mati paske l te vle pou libète marande ak byennèt. Li mouri pou yon gwo koz. Yon koz nòb. Pawòl liberatè a pat janm kouri kite l, li te rete koyeran nan aksyon l ak nan pratik li.
Aprè Desalin, gen anpil lòt pèsonaj politik ki mouri poutèt yo t ap defann koz ki nòb tankou Patrice Emery Lumumba (Ansyen premye minis Repiblik demokratik Kongo) Thomas Sankara (ansyen prezidan Boukinafaso) elatriye.

b)Vilbrun G.Sam se yon lòt chèf Leta ki mouri sou pouvwa. Nan ane 1915, prezidan Vilbrun G.Sam t ap fè fas ak yon pakèt difikilte politik. Popilasyon Ayisyèn lan te souvan ap manifeste pou mande demisyon l. An jiyè 1915, sou lòd prezidan Sam, Jeneral Charles Oscar Etienne egzekite yon pakèt prizonye politik. Pòtoprens te tou wouj anba san. Aprè move zak sa, popilasyon an desann la ri yo touye Oscar Etienne epi yo antre pran prezidan Sam anndan anbasad Lafrans epi yo touye l. Vilbrun G.Sam mouri sou pouvwa men l pa konsidere kòm yon mati paske popilasyon an te wè l kòm yon asasen, yon kriminèl, yon danje pou lavi ak byennèt kolektif.

c)Nou te di pi wo a gen moun ki mouri sou pouvwa, men se klan politik yo ki touye yo.
Nan Wòm (Rome ) antik, te gen yon pèsonaj ki tè rele Jules Cesar ki te yon jeneral, ekriven epi pèsonaj politik women. Gran jeneral Cesar te kòmanse agrandi teritwa women an nan fè lagè epi akapare nouvo peyi. Aprè l te fin ranpòte gwo viktwa nan mediterane a kote l te okipe yon seri peyi tankou «La Gaule » «Égypte » misye te vin «Imperator »answit diktatè women.Lè antouraj politik Jules Cesar konstate kòman Cesar ap enpoze l politikman, yon seri senatè tankou Brutus ak Cassius fè konplo epi yo touye misye nan dat 15 mas 45 (AVJC ).
Kèk jou avan Konplo a , Jules Cesar te nome Cassius (youn nan konspiratè yo) nan pòs «Preteur ». Jules Cesar mouri nan moman repwodiksyon pouvwa politik la kote l te gen entansyon etabli monachi epi gouvène an mèt e seyè. Klan politik misye te twouve l reprezante gwo danje pou yo, yo touye l.

Èske lanmò yon moun ki sou pouvwa a koz kontradiksyon ak batay pou pouvwa anndan klan politik li kapab fè n konsidere moun sa kòm yon mati?

Se pa paske prezidan defakto Jovenel Moise mouri sou pouvwa ki fèl se yon mati.
Men kèk analiz ki montre Jovenel pa ka yon mati:

a)Jovenel viv de kontradiksyon. Poukisa ?

1)Jovenel Moise Se yon pitit peyizan ki soti nan nòdès, donk li konn mizè ak kalamite Peyizan. Lè n konsidere orijin li, konsyans klas ta dwe fè l pran pozisyon an favè peyizan ak mas popilè yo, poutan se pat janm sa. Revandikasyon mas popilè yo te bloke atè nan lari a. Jovenel pat desann pot pouvwa bay mas defavorize a nan mete bon jan politik sosyal sou pye pou te chanje kondisyon la vi yo. Li te pito pran posti yon popilis de dwat nan pote yon bann diskou dodomeya /manipilatè pou l maske moun pandan l te bay privilèj bab ak moustach ak yon seri gwo bawon nan oligachi a.

2)Pou l te devlope agritrans, okenn bank, okenn enstitisyon finansyè pat vle finansye pwojè l la, san dout pozisyon oligachik mèt ensitisyon sa yo pa t ap pèmèt yo prete yon ti nèg nwè, tèt grenn plizyè milyon dola pou monte yon antrepriz.
Se Mately, nan kòb petwokaribe a ki te prete l anviwon 14.000.000 milyon dola pou te mete kanpe Agritrans, kòb li pa janm remèt.
Poutan, lè Jovenel fin pran pouvwa se menm oligachi sa ki rekipere l nan dezagreman mas popilè yo, nan dezagreman peyizan yo. Oligachi sa jwenn tout kalte kontra tout kalte avantaj pandanstan okenn pwojè sosyal pa reyalize, inegalite sosyal yo vin pi rèd. Lopital jeneral gen plis pase 10 zan san l pa janm fin Konstwi.

3) Jovenel di l se yon prezidan demokrat, poutan li vote pou jete Maduro nan peyi venezyela ki pran pouvwa nan eleksyon, nan avantaj Juan Guaidó ki li menm te pwoklame tèt li prezidan san eleksyon. Ki enterè Jovenel t ap defann?koman yon moun ki di l demokrat rive vote pou yon prezidan anti demokratik kont yon prezidan demokratik ? Jovenel te poze zak sa senpman pou enterè pèsonèl li, pou l te konsève pouvwa l.
Pou listwa e pou memwa, Jovenel pat yon moun ak konviksyon, se te yon tanbou plizyè bouda ki te restavèk Gouvènman ameriken ak oligachi san fwa ni lwa a.

b)Pati politik ki pèmèt Jovenel pran pouvwa(Phtk) se yon pati ki gen tandans ladwat, yon pati mafya, bandi legal ki pa gen pyès pwojè sosyete. Se yon pati ki chita pratik li sou kontreband, koripsyon, dilapidasyon lajan Leta, mansonj ak manipilasyon. Se pati sa ki ban nou Jovenel Moise. Kòman yon moun ki eli sou bannyè yon pati politik konsa kapab rive defann koz ki nòb? Nou dwe denonse ak tout fòs nou lanmò Jovenel men li pap janm ka chita bò kote Desalin. Listwa ak memwa dwe toujou sonje Jovenel mouri sou pouvwa men pa kòm yon mati. Li te rete fidèl ak PhKt nan bay manti, nan fè koripsyon, kontreband ak manipilasyon.

Èske se pa kontradiksyon yo ki twò depase nan fanmi politik misye ki lakoz li mouri asasine ?

Eske se pa pozisyon opoze li te pran pa rapò ak bawon nan fanmi politik li nan sa ki gen pou wè ak repwodiksyon pouvwa politik ki koz lanmò l?

Pouvwa sa dwe rete nan listwa kòm yon move egzanp okenn lòt pouvwa pa dwe swiv. Memwa kolektiv dwe gade rejim sa kòm yon modèl pou n pa janm kopye.

Paul Ricoeur nan liv :<<La mémoire, l’histoire, l’oubli >>{3} fè yon gwo travay sou memwa kolektiv kote l prezante yon seri tipoloji memwa. Li pale de twa (3) tip memwa :Memwa anpeche, memwa manipile, memwa kòmande. Nou pap kabab detaye tout nan atik sa.

Nan memwa manipile a, li fè konnen otorite ki sou pouvwa a konn sèvi ak memwa nan yon lojik ideyolojik pou yo kapab rekonstwi tèt yo epi jwenn lejitimite ak obeyisans. Depi plizyè jou pouvwa anplas la sèvi ak asasina ansyen prezidan nan lide pou reyabilite rejim lan. Genyen ki rive mete l kanpe bò kot Desalin, nan sans sa y ap mobilize memwa istorik nan lide pou rekonstitiye epi lave tout move reprezantasyon sosyete a te fè de rejim lan. Gen yon gwo kanpay k ap fèt pou prezante ansyen prezidan kòm yon gwo prezidan ki mouri tankou yon ewo pou nasyon li. Yon lòt fwa nou kondane zak asasinay sa men atansyon! movèz gouvènans li, zèv li ,enkopetans li ak move pratik politik li kanpe l douvan tribinal listwa kòm yon gwo koupab. Travay manipilasyon k ap fèt la se pou abiye toudeblan ansyen prezidan an. Se yon estrateji pou lave rejim lan pou dedwane l de tout krim, de tout koripsyon, de tout asasina, answit se yon mannyè pou esplwate pasyon popilasyon an konsa sila yo nou dwe jete nan poubèl listwa ap enstale nan salon, nan panteyon tankou sen.Si gen yon moun nan rejim sa ki pou sen, konnen se yon SENDENDEN.

Nou (viktim rejim sa) gen gwo devwa memwa pou n kraze tout move konstriksyon politik ki vle moralize rejim kriminèl sa nan pote diskou pou kanpe ansyen prezidan kòm yon «Agneau immolé ». Rejim sa pa gen randevou ak memwa kolektiv antanke demokrat, nasyonalis, patriyòt men li gen randevou devan tribinal popilè, devan tribinal listwa pou jije, rann kont, jwenn kondasyon yon mannyè pou tout viktim yo jwenn jistis ak reparasyon.

Veillard Donald
Nòmalyen /sosyològ

Bibliyografi

{1} Maurice Halbwachs, La mémoire collective. Paris , P.U.F., 1950. In-8°.

{2} Pierre Nora, « La mémoire collective », in La nouvelle histoire sous la direction de Jacques Le Goff, Retz-CEPL, Paris, 1978, p. 398.

{3} Paul Ricoeur ,La mémoire, l’histoire, l’oubli.Éditions du Seuil, Paris, 2000.

Commentaires